Konsèy pou monte bouda

Jounen jodia yon kò mou pa alamòd mpa kwè l te janm alamòd nan peyi nou,medam yo ap chache yon kò di,tonifye san defo,siw poko kòmanse ou mèt mete sa nan lis sa wap bezwen ane 2018 la.
1. Pran mezi epi fokis sou objetif ou
Premye pa pou rive fè yon bagay se motivasyon,lè n pran tan poun gade jan nou ye,epi nou aktive pou yon chanjman premye rezilta yo pral fè nou fokis plis.
2. Kijan w ye?
Gen moun ki tou gen fòm nan,men li jis bezwen tonifye l,men gen lòt yo bezwen monte bouda ak tonifye epi yon vant plat pa gen anyen ki enposib travay pou rèv ou,evite bwè 2 lit dlo.
3. Diferan kalite egzèsis
Pa neglije pratike nenpòt kalite egzèsis kap edew ak rèv ou,pa gen anyen ki fasil,travay di,mize nan wout pote bon nouvèl,li fondamental pou w bwè dlo pandan wap fè egzèsis yo,pa manje grès aswe,limite sa wap manje,respire byen nan chak egzèsis,depiw pratike byen li te mèt 3 fwa nan semèn nan wap gen bon rezilta.
4. Manje sak rich nan pwoteyin
Si w vle rive ak objetif sa fòk ou asire w manje bon kantite pwoteyin chak jou,pa manje twòp vyann,manje pwason,ze ki gen orijin vejetal,manje pwoteyin kouw fin fè egzèsis,pa bliye manje fri sèk.
images (1)
5. Manje ki rich nan grès ki ansante
Grès la tou bon pou monte bouda sa pral depan si se bon grès ou chwazi manje,nou pral diw ki grès ki bon pou kò a
Lwil oliv
Lwil kokoye
Zaboka
Fri sèk
Jòn ze

6. Detire
Nou dwe fè sa poun pa blese epi ogmante volim bouda,byen detire tout misk yo lè n fin fè egzèsis
7. Fè atansyon ak posti epi tansyon
Yon moun ki gen bouda plat dwe siveye pou l wè lèl manyen sil fèl mal,depil fèl mal seke tansyon l wo nan zòn sa,epi aprann chita byen.
8. Krèm espesifik
Gen kèk bon krèm ki ka ede yon moun ak pwoblèm sa,tout moun pa menm gen moun ki gendwa chwazi fè egzèsis kise yon wout ki long konsa tou gen lòt ki prefere pase krèm li wèl pi fasil pou li,chwazi krèm ki gen pwodwi natirèl epi bon kalite.
Cómo ejercitar los glúteos medios