Kòman yo chwazi epi mete yon vès?

1.Chwazi yon vès sou fòm kòw
Yon vès se tankou yon manto ki represante pesonalitew,look ou,se poutèt sa ou dwe mete anpil atansyon lè wap chwazi vès la paske fòl ka byen chita sou ou,fòl pa ni twò pitit ni twò gwo

Chwazi yon vès lèw piti
evite vès ki twò long,longè a se nan botew li pral retire bat pouw achte youn ki kout ki rive nan sentiw
Chwazi yon vès lèw gwo
Siw gwo seke preske tout pati nan kòw gwo se poutèt sa wap bezwen mete yon vès manch long ki pou pa twò serew avèk manch boufte ki gen senti.

Chwazi yon vès lèw won
Gen vès pou tout kalite moun se pa paskew won pouw mete youn ki pou sere twòp,li ka fèw parèt pi gwo toujou fòw mete yon vès dwa ki ale ak fòm ou.
r
Chwazi yon bèl koulè
ki koulè vès pouw mete?
Wap toujou jwenn yon koulè ki fèw pi byen ke yon lòt
siw gen yon koulè kafe ak lèt bat pouw achte yon vès koulè cho,si pow kle e pa tout koulè ki pral avèw fòw byen pran sanw pouw achte koulè ki pou ou a
Kilè pouw mete yon vès?
Pou Plezi: Ou ka metel ansanm ak yon pantalon abako,oubyen yon bout pantalon pouw al nan yon fèt oubyen soti ak zanmiw.
Aswè:Pou nou byen diw vès se nan mwa Oktòb ak Desanm yo mete yo,sitou aswè konn gen kèk ti van frèt li toujou bon pouw gen yon ti vès si wap soti aswè pouw mete sou epòl ou.
La-robe-imprimee-et-la-veste-flash-de-Serena-van-der-Woodsen_portrait_w674
Lajounen:Mete yon vès lajounen pou al travay se tankou yon konplè poul ye byen dwat fòl pa twò long ni twò kout ou ka mete nenpòt koulè sa pral depan koulè rès rad ki sou ou a.