Kijan yo detekte ak korije konpòtman agresif nan yon bèt?

Chen an ka vin agresif pou plizyè rezon pifò fwa yo se yon santiman pè ak posesif sa pa vle di se yon vye chen tout sa se fòt mèt li,ou dwe konn kijan pouw fè yon chen agresif vin dous.
Gen plizyè faktè ki ka ede ou wè si chen w agresif konsa wa evite sipriz
Gade,tansyon kò lè
Chen sèvi ak langaj kò l pou entimide,men yon chen agresif ka montre yon jan diferan ke lòt yo,lòt siy ankò se konpòtman agresif lè chen ap gade yon jan fik,gen lòt siy lè li mete lang li deyò,ou dwe atantif ak kò chen an
Lè se chen an ki mennen
Chen bezwen yon moun mennen l si non lap aji jan ensten ba li a,konsa li ka vin gen otorite sou moun ak lòt chen parye li.Menm si chen an se yon bèt yo kondwi,anpil nan chen yo timid depi lè yo fèt e se rezilta sa ki fè yo pe.Chen sa yo ka patikilyèman vyolan paske anjeneral mèt yo kite yo nan kay san siveyans,yo panse yap donte pou
kò yo.
Siw gen chen li enpòtan pouw etabli yon limit fisik jiska kompòtman,men pouw fè sa,wap bezwen aprann li ke se ou ki gen kontwòl.
unnamed (17)
Pa ekzajere ak pinisyon yo
Anpil mèt chen ki agresif,eseye pini mal ke pou chen an ta pe li rann konn ke konpòtman li an akseptab.Toujou sonje agresyon an sòti nan pè,lè wap bat chen an se pè wap fèl pè,li pa bon pouw bal kou chak moman,anplis wap kreye yon baz agresif nan konpòtman l,konsa lap vin we konpòtman l bon piske se konsa ou tretel.
Espas poul dòmi
Toujou fè yon kote espesyal pou li poul dòmi,pa bal abitid poul dòmi ak ou,lèl vin konnen pozisyon li la siw vle ou menm ou ka kitel monte kaban nan yon lè konsa,pigaw janm itilize fòs ak li paske konpòtman ka vin pi mal.Kreye yon pwogram ranfòsman pozitif ak obeyisans pou bon konpòtman bèt la.