Kijan pouw pale ak timoun yo sou lanmò?

Pale sou lanmò ak timoun yo se pa fè yo pè,men sa fè pati edikasyon,nou konnen lakay nou gen yon gwo pwoblèm edikasyon paske paran yo koupe nan sa pou yo aprann timoun yo,edikasyon pa sèlman aprann yo pale nan piblik,manje sou tab,elatriye plen lòt bagay andan edikasyon,pou yon timoun sòti 90% moun ou vle a fòk ou aprann li sou tout sak egziste nan vi a,paske li gen pou fè fas ak tout saw fè fas e menm rankontre plis difikilte ke ou,men depi gen yon bon baz pap gen ke sote.
Pafwa paran timoun nan konn mouri lap rete tann li vini paske yo dil li sòti,men nan nivo 5,6 lane yo gen konprann gen timoun lè yo gran menm lè yo te gen 4 lane yo sonje,gen yon jan ou ye ak yo lè wap rakonte yo tèm sa,siw pa kapab pou kont yo achte yon liv ki pale sou sa.Ekplike l nou pa fèt poun viv pou letènite,chak moun gen yon jou pou yo mouri,men okenn moun pa konn kilè jou pa yo,dil sa ka rive mwen mouri demen oubyen ou menm tou paske se yon bagay ki pa epanye okenn moun,nenpòt kouch sosyal,boujwa,pòv,lè wap leve timoun prepare yo tankou solda san sitirans ak bon edikasyon sou tout pwen konsa lè li anfas pwoblèm nan lap toujou sonje sa paran l te dil.
Family Enjoying Day In Park
Karakteristik yon moun ki mouri
Moun nan pa konn anyen kap pase ankò
Li pa souf nan li ankò
Nan li al repoze yon kote okenn vivan pa ale
Mo a pap janm retounen ankò
Mouri mouri nèt
Pye frèt
Zo ak cheve yo pa janm pouri
Kè a sispann bat
Kò a vin yon lòt koulè
Tout misk yo vin detann
Blad pipi ak trip yo vid
Se pa yon sèl jou pouw pale sou sa,chak tan ou dil yon bagay epi se pa aswe pou w pa fè l pè,rakonte l sa tankou yon blag poul pa kriye.Lè w bay yon timoun verite lap konnen lè yon lòt moun ap bay manti pi fasil.Nou espere ti konsèy sa itil ou.