kijan pouw fè konnen si mennaj oubyen mariw ak maltretew?

Malerezman gen anpil fi kap mouri nan mond lan chak ane,pi souvan se mari yo oubyen ansyen mennaj yo ki tiye yo menm si mond lan ap avanse ak tout sa gen gason ki santi yo menase ak libète fi yo,paske lontan gen anpil bagay fi pat konn fè ke jodia gen anpil diferans nan sa medam yo ap fè.

Se yon bagay ki pa fasil ditou lè yon moun ap maltrete yon lòt sitou si moun nan se yon fi ki san defans,sak fèl vin pi difisil se paske gen anpil fi ki pa gen konfyans nan tèt yo lè konsa li vin difisil poul wè si moun nan ap maltretel jiskaske li ka rive mouri pa moun sa kite dil li renmen pase lalin ak solyèl la.

Lè nou diw maltrete se pa sèlman,lè moun nan baw kou,lèl jourew tou,ou se yon viktim,nou konnen li pa fasil men fòw renmen tèt ou anvan tout bagay pou demen pa pi tris,yon fi se yon poto mitan,se yon manman pitit,se li kap bay lanmou,li merite anpil swen poul pa soufri ni maltrete pafwa yo rele moun sa yo lach paske yo pa afwonte moun ki gen menm fòs avè yo se pou tèt sa yo bat fi paske fi a san defans.

Men kèk bagay ki ka fèw santi oubyen wè moun ou avèl la ap maltretew
1.li fèw santiw pa itil anyen,li ridikilizew,fèw santiw se yon maladwat pa egzanp pa gen anyen ou fè devan moun sa poul bon,li fawouchew jan wap pale,oubyen li diw pa bon pou fè anyen,ou pap janm anyen nan vi a ti kras pa ti kras lap fèw santiw pa bon menm jiskaske ou pèdi konfyans nan tèt ou.

2.Li monte tèt ou kont fanmi zanmi oubyen li pa vlew pale ak yo
Li kòmanse ap plante move zèb nan mitan ou menm ak moun ou renmen yo se yon fason pouw ba yo distans,pou yo pa janm konnen sa kap pase nan relasyon an,toujou gen yon bagay lap di ki mal pou anpechew ale kay fanmiw,lè lap pale de yo li pa janm di anyen ki bon.

3.Li ran ou lavi enposib ak jalousi
Li pa vlew pale ak okenn gason li te mèt frèw,li oblijew pouw pa wè yo ni pale ak yon nan telefòn,li pa janm kwè lèw di se yon zanmi lekòl oubyen travay.

4.Li baw tò nan tout sak pase mal nan relasyon an
Ke poul ta gade sak fè bagay yo ap mache mal konsa oubyen ki moun ki responsab,li prefere lage tout chaj yo sou ou epi li toujou ap akisew pou nenpòt bagay mal ki rivel epi li diw “ou twò sansib,ekzajere,gaspiya,elatriye” siw pat konsa bagay yo tap pi bon pou nou”.Tout bagay sa yo se poul minimizew.

5.Li toujou vle poul ap verifye telefòn ou
li toujou ap di pa annafè ak move moun,mbezwen konn tout moun wap pale sou nèt la ke moun deyò yo pa bon moun yo ka fèw mal men se jis li pa ge konfyans nan ou se pa nan moun yo,li pa kitew trankil pou yon segond.
9767853331_f833188f71_b

6.Li fòsew antre nan relasyon entim avèl saw pa vle,menm siw ta marye yon moun fè sa se yon vyòl li ye ou gendwa pa vle denonse moun nan men bagay sa fèt lè tou de moun yo dispoze.

7.Li joure w nan piblik kou prive
Li relew fanm sòt oubyen li tretew initil,li diw pa gen lanmou lakay ou kew se yon bèt

8.Li menasew
Lèw li fè yon bagay orib ou pa kapab ankò wap fè yon jan pouw ale,li diw depi wale map tiyew oubyen tiye tèt mwen epi ou pap janm jwenn yon moun ki renmenw se sèl mwen ki renmenw,verite seke se li ki santim mmal la ki fè lap diw tout bagay sa yo.

9.Li tirew kou oubyen li baw kou deja
Malgre tout bagay sa yo,kou a pi mal toujou paske depi moun nan gen chans leve men sou ou bagay la vire yon lòt jan epi siw pa dil anyen lap kontinye fè sa toujou,se yon bagay ki grav anpil li ka rive tiyew.Pigaw janm kitel leve men sou ou,depil fèl yon fwa tou kitel pa panse ak anyen,bal leson yon fwa sèlman sil te renmenw li tap jerew tankou moun menm bèt yo pa jere mal nou pa bezwen diw pou yon moun wap fè manje pase,lave,sèks avèl ki pa gen yon ti kras respè pou ou.

Nou konnen gen anpil moun kap pase nan moman difisil sa yo men yo jis pa pale pou yo pa wont li tap bon pouw pale ak yon moun pa pran presyon okenn moun pou pi devan se pa flè yal depoze pou ou,renmen tèt ou anvan tout bagay lavi bèl epi kout.