Kijan poun rive vyeyi ak intelijans?

Poukisa poun pran swen nou si se pa poun viv lontan men gen yon bagay ki fè nou tout reflechi,eske vyeyès pa yon enjistis?sitou lè moun nan rive nan yon laj lap plede malad.
Konsèy pou vyeyi ansante
Manje,li tap pi bon siw fèl anba fou:manje ki fèt ak tanperati ki wo gen yon seri toksik ladon yo ki fè moun vyeyi pi vit,li tap pi bon si depi kounyea ou chwazi fè manje anba fou.

Domi byen,tankou 8 èdtan chak jou:lè yon moun manke dòmi,li pwovoke pwoblèm kadyovaskilè,sa ka afekte siw te gen pouw viv yon lane anplis,dòmi 8 edtan chak jou se pi bon bagay yon moun te ka fè,wap vin gen yon sistem ki pi fò epi lap difisil pouw gwosi tou.

sport-927760_960_720
Fè egzsis 15 minit pou pipiti chak jou:nou pa bezwen nan kraze kò nou poun fè espo jis bay tèt ou yon pwogram anvan w benyen pouw fè espò kap bon pou santew,nou ka ale nan pisin,kouri,mache tout sa se yon jan pouw fè kow fè mouvman.

Pa strese:estres se yon bagay ki afekte vi nou tou,se poutèt sa chak moun dwe chak jou tankou denye jou pou yo san twop preokipasyon,estres se yon vis depiw kitel anvayiw wap chofe.Gen moun nou ki fimen ki bwè ki viv nenpòt 90 lane men gen lòt ki pa fimen,kap fe atansyon ak tout bagay kap afekte sante yo malerezman estrès mete yo ate anvan 70 lane,pwoblèm ap toujou la,lavi a pi enpòtan ke tout bagay chache viv viw byen.