Kijan pou w fè konnen si w antoure ak “bon zanmi”

Valorizasyon viv ak jwi,jan yo dil la zanmi se tankou fanmi kote nou gen chans pou n chwazi kalite nou vle.Zanmi se tankou lanmou nan yon relasyon,se kesyon de 2,si pa gen lanmou pa gen zanmi youn mache ak lòt,se yon lyen ki pran nesans,grandi,ak devlope pou pataje sipò,difikilte,´lis tout santiman yo,pale sou ekperyans,sitiyasyon ekonomik,youn sipòte lòt ak defo,febles.
Ou ta renmen konn siw gen bon zanmi?
Yon zanmi se yon moun ki konn tout afè w,anplis li renmen w janw ye a
Yon bon zanmi ak tout li fin wè kijan w ye li toujou renmen w
Yon zanmi pa pran tan poul detwi w,men poul konstwi w
Yon moun kap chache zanmi san defo ap rete san zanmi
Yon bon zanmi bay ke l,san l pa rete tann anyen apre
Yon zanmi se yon moun ou fè konfyans ak pataje pwojè,pwoblèm, enkyetid, rèv ak echèk
Yon zanmi pa kite zèb pouze nan wout amitye a
people-2591670_960_720
Konfyans se tankou yon klas,tant wap repare l,wap we fant,zanmi fini kote mefyans kòmanse
Pa janm separe pa vle di yon bon zanmi,yon bon zanmi separasyon fè relasyon an vin pifò
Li pa konsidere yon bon zanmi yon moun kap fè lwanj pou ou ki pa gen fòs pou diw defo w
Yon zanmi ede w simonte pè,li pa pèmèt ou fè bak
Yon zanmi ede w lè w fè fay,li pa janm baw do
Yon fre gendwa pa yon zanmi,men yon zanmi ap toujou yon fre ak se
Yon bon zanmi toujou ap bat poul fè w ri,di w sa w pa renmen tande pouw ka fache epi w ka tou bal kèk kout pwen
Yon zanmi kritike wanfan,deye w li fè lwanj pou ou
Se yon moun nan moman difisil li toujou la pou ou,li diferansye bon ak move ,li ede w nan bon move tan
Aprann konn moun ki renmen w