Kijan pou w di patnè w ou ansent?

Kijan pouw dil ou ansent? Nap ba w kèk ide orijinal pou moman sa a ka inoubliyab.Lè yon moun konnen l ansent se yon bagay majik ,yon moman espesyal sitou yon koup kap chache pitit.gen anpil fi ki renmen konn rezilta sa ak 2 gen lot yo plis renmen konnen l pou ko yo apre pou yal bay patnè yo sipriz.

Gen anpil fason w ka fè sa,ou ka prepare yon dine womantik bay nouvèl la pandan nou pral manje dese,kite yon mesaj nan mi twalèt la,fè yon video,bay kèk ti sispens nan kay la,se yon moman w pral sonje tout lavi jan l reyaji lè l konn nouvèl la.
Montre l tès gwosès
Fe yon video chache jan pouw montre l
Mete tes la nan twalet la pou lel sot benyen poul ka we
Kite kek po “Gerber” nan frijide a,le l mande w poukisa yo nan frijide a la ou pral chache sa pou w dil
Mete yon pè tenis tibebe nan tenis li pou lel pral mete l lap tou jwen lot ti tenis lan
images (24)
Glise menm w tou dousman sou lestomak ou jiskaske w rive nan vant ou epi dil felisitasyon
Abiye tankou yon moun ansent epi ekri yon bagay sou vant ou
Gen anpil lot bagay pouw fe anko,se jis kek lide nou baw wa chwazi sa w renmen an