Kijan pou kenbe kalm ou anfas yon pwoblèm?

Aprann kijan pouw kenbe kalm oswa depi yon pwoblèm
Apresye saw genyen
Pran tan w pou kontante saw genyen nan lavi a,ou pap selman santiw byen ak sa,sa ap redwi omon estres la tou.Egzèsis sa ankouraje santiman rekonesan w,epi,dapre yon etid ki fèt nan Inivèsite Kalifòni,li bay yon pi bon leta lespri,enèji ak byennèt fizik.
Sispann poze tet ou kesyone
Kesyon sa yo pa nan avantaj ou se plis estre ak enkyetid yap baw,sikonstans yo ka ale nan nenpot direksyon,lapenn ka kouvri posiblite yo,mwens tan ap plenyen se plis kalm wap genyen.
descarga (3)
Fe pa pou positif ak espwa
Espwa ede kontwole estrès,panse pozitif ede reyalize planifikasyon aksyon pou rezoud yon sitiyasyon nap fe fas,bagay la se gen yon panse pozitif kap distre lespri ki geb panse negatif ak kwayans irasyonèl.
Fòk ou kapab dekonekte nan sa kap estresew
Femen teefon redwi nivo estres,si se sou li yap plede ekriw fe tet ou gwo femen pa gade mesaj ni le w ouve l tou,gen bagay nan lavi fok ou pase sou yo,dwe gen yon limit nan tout bagay ki bay yon sans senplisite,liberasyon ak trankilite.
Dòmi byen
Dòmi kantite yo rekomande a ogmante entèlijans emosyonèl ak kontwole nivo estrès la,sèvo a chaje epi li libere tout souvni,ranfòse atansyon, memwa ak kontwòl tèt ou.