Kijan pou chwazi yon”Faja”?

Faja se yon stil konpresyon ki ede medam yo amelyore fòm yo,pouw ka byen achte swiv ti konsèy sa yo.

1.Saw dwe gen nan tèt ou,se yon bagay ki pral fèw parèt pi anfòm nan rad,men li pap fèw pèdi pwa,pou pèdi pwa li tap bon pouw swiv yon rejim ak fè espò sa pral depan jan fisik ou ye.

2.Pigaw janm achte yon faja sanw pa mezirel,paske chak vini ak nivo konpresyon yo,fòw toujou kon sa wap kap sipòte a faja yo toujou mare kò a epi egzèse presyon sou li.

3.Faja ki bon yo se sa ki pa parèt anba rad,konsa li fòw santiw konfòtab sanw pa janm gen anvi retirel,ekspè yo di faja pa dwe double ni desann lèw chita.

4.Konpresyon faja depan de mak li,faja yo fabrike kounyea se pou moun nan ka santil mou,konfòtab anmentan pou faja fè travay li,kòm se yon bagay pou konpresyon li dwe byen ranmase kò a,li dwe nan gou moun nan tou.

5.Faja dwe achte nan mezi moun nan epi konnen kisaw bezwen pese a menm,si pwoblèm nan se nan vant li ye,ou pa dwe itilize yon faja ki bay nan senti.
Gen faja menm pou moun ki ansent kap ede yo nan pati ki anfle yo,pa achte yon faja pouw paka respire jis pran youn ki bon kalite,ki pap parèt anba rad.