Kijan ou ka dire plis sou kabann?

Gen anpil jan ou ka dire sou kabann jis wap bezwen pouw chache fè ti jwèt ak mariw oubyen aprann li fè ti jwèt se pa tout gason ki konn sa pou yo fè medam yo toujou chache plis.

Sèvi ak pawòl
Mande mariw kijan li wèw,paske fi yo pè paske yo pa konn ki gou yo genyen,oubyen pafwa moun nan santil manke atraktif,touche pati entim moun nan mandel sil te sonjew.

Sèvi ak zòrèy ou
di ti pawòl anvan nou al nan kabann nan kap fèn santin byen,jis koute atantiv pa fè bwi,lesew ale pa panse ak anyen ke moman an.
6035105374_c2880dbe22_b

Manyen toupatou
se pa sèl zòn nou bezwen an poun kouri ap chache,bat pou nou touche tout kote nan kò a.otomatikman wale nan pati dirèk la nou pap pase anpil tan epi pap gen gou nan bagay la.

Eksploze Kwizin lan
Depi pa gen timoun nan kay la,nou ka kòmanse depi nan kwizin jis nou ale sou kaban,se nou ki pou mete anbyans nan bagay yo pa fè timid se mariw,ou marye deja.

Pran tanw pou dezabiye
siw fè sa sistèm moun nan ap aktive plis lèl wè yon moun san rad,men lèw fèl pi dousman moun nan pran plis tan poul jwi sa wap fè a,gadel nan zye pa janm mete tèt ou ate oubyen gade yon lòt kote.
balck-man

Detann ou
Moman sa se pou nou tou 2 a li ye,si nou pa rilask nou pap ka jwil,sa paka fèt nan fache ni ak prese,lèw fin byen detann ou konsa pigaw pase tout jounen an sou kaban fè atensyon.