Kijan mka kòmanse yon rejim

Men kèk pa pouw swiv,pouw ka toujou mete manje ki bay lasante nan asyèt ou

Chak fwa ou chita pouw manje kel se(manje maten,manje midi,dine) divize asyèt la an 2,koupe yon bò fèl fè 2 ankò antou asyèt la vin divize an 3 pouw ka balanse sa wap manje yo byen.
Livro-pdf-dieta-paleo-300x170
Yon bò nan asyèt la dwe gen vejetal,lè nou diw vejetal li dwe,salad,legim,bwokoli,kawòt,tomat elatriye
1/4 nan asyèt la dwe gen vegetal ki gen amidon yo kise pòmdetè,pen,diri,manyòk,espageti
Lòt 1/4 a dwe gen pwoteyin
vyann,pwason,poul elatriye
dieta-bogata-w-mineraly-wspomaga_22462550
apre pran yon bon kantite salad
ou ka itilize yo tankou dezè,li pi bon pouw manje yo fre
bat apre chak repa pouw manje yon fwi
Nan sa nou ekplikew yo la ou pap gen pouw manje tout yon sèl kou jis wap chwazi sa pouw manje chak jou men fòw bat pouw toujou ekilibre sa wap manje yo,pa kite youn pou lòt,fòw pran tikal nan chak
Pa janm bliye bwè 2 lit dlo chak jou kap edew anpil,eseye fè dlo premye manjew nan maten,evite manje grès nan maten.