Ki kalite kilòt ki an sante pou yon fanm?

Gen kèk kilòt ki jis pi bon ke yon lòt,sa depann nan ki sikonstans wap itilize yo.Ou dwe asire w pap itilize kilòt kap mete viw an danje.
Enpòtans kilòt
Gen moun ki pa mete kilòt,men yo pa panse yo opoze ak enfeksyon sitou pandan peryòd yo,gen moun ki mete kotèks tapon
Ankourajman pou koton
Pou itilize chak jou,pa gen anyen tankou kilòt koton;se yon materyèl swa,li bon pou sante ak ijyèn.Nan moman ou ka bezwen yon lòt materyèl se lè wap fè egzèsis tankou kouri paske w pral swe,koton an ap absòbe dlo a,sa ap vin fè kilòt la lou,sa ka pwodwi gratèl.Lòt materyèl yo pa absòbe dlo,yo kenbe fre.
lingerie-99761_640
Evite kilòt danjere
Kèk kilòt pa bon pou mete,genyen ou ka itilize nan kèk okasyon,youn ladan yo se tanga ki parèt envisib anba rad la,men ki ka pwovoke pwoblèm sante paske li gen yon sèl fòm.Tanga fasilite bakteri nan bouda ale nan vajen an,li ka kòz enfeksyon nan aparèy irin.Wi ou ka itilize l,men nan kèk okasyon.
Konsidere sitiyasyon an
Kle pou chwazi kilòt ki an sante se konsidere okasyon an epi chwazi opsyon ki pi bon an.Egzanp lè wap fè espò mete kilòt ki pap kenbe swè,si se pouw sòti pa gen pi bon ke materyèl koton.Dòmi san kilòt se yon jan pouw anpeche imidite akimile nan nwit lan bò kwis ou,sa ka kòz gratèl ak enfeksyon.