Kèk melanj ou ka fè

Nou pa fin konnen si melanj yo ap fè tout moun byen men yo gou anpil
eskew janm manje salad zaboka ak tomat?
Engredyan
3 gwo tomat
1 zaboka sa depan de gwosè yo
1kiyè lwil oliv
yon ti sèl
Preparasyon
koupe tomat yo kare
fann zaboka an 4 bò apre koupel kare oubyen janw vlel la
melanje yo ansanm apre mete ti sèl,sitwon,lwil oliv
nou ka manjel ak nenpòt bagay tankou poul ak bannan fri,diri
43a28e709ac811e391fae0db5512b209

Leti+tomat+ze+zonyon+kawòt
Engredyan
1 tèt leti
2 tomat
1 zonyon wouj
1 kawòt
Preparasyon
lave leti a byen lave apre rachel,koupe tomat la,rache kawòt la ak zonyon an byen fen,koupe ze a an 4 mozo apre melanje tout ansanm mete yon ti sèl ak 2 kiyè lwil oliv.
salad-543043_960_720

Vyann bèf ak bwokoli
Engredyan
1kilo vyann bèf
3 tèt bwokoli
Preparasyon
chode bwokoli a,apre fè yon bon sòs vyann lè vyann nan preske kwit mete bwokoli a ladanl pou 3 minit pa kite bwokoli a kraze.
FotoNo.3carne

Poul ak mayi
Engredyan
1/2 kilo poul
1 ti bwat mayi
Preparasyon
ou prepare sòs la menm janw konn fèl la,sèl sa lèl preske bon wap ouvè bwat mayi a,koulè dlo ki ladan epi metel nan sòs la apre 3 minit ou desan li ou ka mete kèk ti bout kawòt ladan tou siw vle.
casserole-784765_960_720 (1)
Nou sere rès resèt yo pou yon lòt jou nou kitew ak sa yo pouw al eseye.