Ki pwopriyete kawòt genyen pou ede moun pèdi pwa?
Kesyon yo anpil
Kalori kawòt la pale pou tèt li nan 100 gram kawòt gen 25 kilo kalori,la yo tou montrew kawòt la pa fè moun gwo,li rich nan fib,vitamin,Karotèn,se youn nan manje nou pa dwe janm bliye mete nan lis vejetal nou,li eden fè dijesyon.
poukisa rejim kawòt la bon?
Li senp pouw manje kawòt,ou ka metel nan tout manje wap fè,oubyen chodel pouw ka manjel konsa,pa bliye ou ka manjel kri tou lè konsa pwopriyete li yo plis konsève
yon moun dwe manje 6 kawòt pou pi piti chak jou,anplis li se yon legim ki gen anpil valè,nou ka metel nan salad,pasel nan visaj,fè mask cheve avèl.

men kijan ou ka rive manje 6 kawòt nan yon jounen
1 kawòt pou ji nan maten
1 kawòt pou manje apre midi
2 kawòt rache nan salad
2 kawòt chode pou dine ak yon moso poul
Sonje ke lèw manje kawòt la kri,li gen plis pwopriyete nan eleman nitritif ak fib,ou ka prepare ji kawòt ak sitwon ki gou anpil,gen moun ki melanje kawòt ak kokoye,bèrav,epina,elatriye.
Se yon ji ki gou anpil,sak pi red la ou pa menm bezwen mete sik paske li tou dous.