Ji kawòt ak pòm

Li lè poun pran swen kò nou ji natirèl yo se tankou ji dezentoksikasyon, fwi ak legim se manje nourisan
Resèt jodi a se yon bon opsyon pouw kòmanse yon rejim alimantè epi pèdi pwa.Pòm natirèl la elimine toksin epi li

kontwole dijesyon, kawòt ak seleri a redwi likid nan sistèm kadyovaskilè. Eseye ji kawòt ak pòm lap fèw pèdi pwa epi wap kòmanse jounen an ak anpil enèji.

juices-1024x682

Engredyan pou 1 vè ji kawòt ak pòm :
  1pòm
  1 fèy Seleri
  1 Kawòt
  1 tas dlo

food-1209503__340
preparasyon
lave tout fwi yo ,ou pa bezwen kale yo, nan po kawòt ak pòm nan se la ki gen eleman nitritiv yo
koupe yo tou piti ansanm ak yon fèy seleri.
blende tout ansanm siw vle ou ka mete sik oubyen myèl ,apre koulèl nan paswa.Ou ka bwèl chak maten anvanw manje nan 3 mwa wap jwenn yon bon rezilta.