Gid pou elimine sitiyasyon enkyetan ak doulè nan vant

Nou jwenn plizye jan w ka kalme ak elimine nè nan lestomak
1. Eseye kontwole enkyetid ou
Pifo fwa yo pwouve pwoblem sa se enkyetid ak estres ki bay li,youn nan premye pa poun fe se eseye detekte santiman yo,enkyetid ki bay rezon negatif,eseye modifye oubyen mete solisyon nan sa a.
2. Evite estrès nan lavi chak jou
Li pi fasil pou di ke fe,yon bon oganizasyon nan jounen an ka ede w priyorize sak pi enpotan,kite yon titan lib pouw diveti w,nan sans sa nap pase yon moman pi trankil san okipasyon ak pwoblem lavi kap rezoud le jou yo rive.
3. Egzèsis respirasyon ak detant
Swiv yon vi ki aktive nan tout sans se yon bagay ki enpotan,apran respire byen,rilaks ka yon gwo ed,respire nan vant itilize misk ki nan zon trip yo,lap fen santi n pi rilaks nan jounen an.
abdominal-pain-2821941_960_720
4. Kontwole sa nap manje
Manje ki gen anpil kalori,kabòn depase ak manje,bwason estimilan ka sèlman agrave eta nou, malèz ak doulè gaz,kenbe yon rejim ekilibre,varye kap ede n reyalize yon bon dijesyon.
5.Fè egzèsis
Gen plizye kalite egzèsis yon moun ka pratike ki gen anpil benefis pou ko a,ki ede n kenbe yon lespri kalm ak detann,nan egzesis sa yo nou ka soulaje tansyon fizik ak mantal,lap ede n amelyore nan anpil bagay nan lavi a,eseye fe yon ti egzesis pou w we jan wap santiw.
6. Aktivite plezi
Si se pa egzesis ou fe,ou ka chwazi yon bagay ou renmen pouw fe nan jounen an pou reyalize aktivite w renmen,pran van sou yon plas ka ede anpil.