Gen kèk bagay nou ta dwe konnen sou gason

Si yon gason pale yon bagay an prive ak ou,li pa fe sans pou rakonte sa ak bon zanmi w
Len poze yn gason kesyon pa atann li prann reponn direk
Si opinyon diferan ak pa w la sa pa vle di li kont ou,ni ap goumen ak ou
Le yap diskite ak nou,nou plis ap tande sa yap di yo pou fe lot zen,men moun nan lwen de sa w vle fe pase a
Si yon moman entim pase mal,sa pa vle di li pa renmen w anki,li ka fatige
Si w we l pa pale,lap panse oubyen tris,sa pa vle di se yon pwoblem li gen ak ou,jis yo moman lap pase,chak moun gen yon moman silans nan vi yo.
Pa tris si mariw pa kanpe yon jou nan kabann ,ni sil pa fe lanmou ak ou nan yon semen
Pa rete tann lap li panse w,siw bezwen yon bagay se dil
Pa panse w toujou konnen ak sa moun nan ap pase nan vi pesonel li,pa mal enteprete jis poze kesyon
Si w bezwen di yon bagay pa tire pwen,gason pa renmen kalite bagay sa yo
Siw bezwen yo fe yon bagay kite yo fe l nan jan pa yo,siw bezwen fe l jan pa w li tap pi bon siw fel pou kow
Si yon gason wo,gwo,ak anpil fos sa pa vle di li pa konn fatige,lom pa woch,yo santi doule
Gen gason sansib,gen lot ki ta renmen sansib,gen lot menm ki sansib epi gen fos,tande sa patne w di w,gason gen santiman,sil vle ekprime l sa pa vle di li pa gason,li jis we yon bagay ki pi lwen ke sa.
Gason pa ap panse ak seks chak 7 segond,pafwa yo vle ti kares tou
Menm jan gason an ap di w bel ti pawol se konsa li ta renmen tande saw gen pou w dil tou
Gason pa renmen fi tripotay ni fi ki pale anpil