Gato san ze,san bè,resèt fasil epi ekonomik

Ekri sa wap bezwen yo epi prepare w pou jwi bon ti gato sa a
Engredyan pou 4 mozo
2 tas farin
1 tas zik
1/4 lwil
1 tas lèt
2 po sitwon graje
1 kiyè esans
1 kiyè ledven
Green-Lemon-Seeds-Fruit-Garden-Terrace-Seed-Orchard-Farm-Family-Potted-Bonsai-Tree-Seeds-Lime-10pcs
kijan yo kwit li?
Melanje farin ak sik la,fè yon twou nan mitan epi mete lwil ak lèt la,bwaze l jiskaske melanj lan fèt nèt,mete po sitwon ak ledven an,bwazel jiskaskel byen fen,apre sa mete l nan fou pou 15,20 minit poul pa boule mete fou a 180 degre,lèw wèl jòn,pran yon kouto antre nan mitan depi l sòti pwòp seke li kwit,sil sòti sal li poko fin kwit.
Nou espere ou renmen gato san ze ak bè sa,li pa sèlman gou,li bon pou sante.