Fib nan rejim alimantè

Presans li nan rejim gen anpil enpotans pou sante a.Tout enpotans fib lan se paske li paka absobe nan entesten an kounyea li vin bay benefis li nan plizye fason,li fe moun nan santi l plen,yon moun kap manje fib ka fe anpil tan san manje,li evite konstipasyon.

Yon rejim ki rich nan fib evite kanse nan trip ,li regilarize kolestewol.Nan ka granmou yo,manje pen ble pa vle di nap gen yon rejim ki rich nan fib,fok nou manje 25 gram fib chak jou,yon bon jan nou ka fe sa se manje fwi,sereyal,pen ble,diri ak bonbon entegral.
images (29)

Nan mitan jounen an se bel moman pou manje yon fwi oubyen manje yon zoranj,nan apre midi nou ka pran diri oubyen espageti entegral epi aswe vejetal frikaze oubyen yon bvon salad fey.

Sous natirèl fib yo se:fri sek,sereyal,legim,po pòm ak patat,lòt fwi ak legim,pen ,diri ak bonbon ble,avwan gen anpil lot anko