Fè kè w kontan pou moun ou ye a

Ane pase ou toujou gen menm kantik la,ou pase tout vi w pa janm satisfè ak pesonalite w,sa w pa janm rann kont de saw regle ,san w pa valorize sèl epi inik moun sa kèw ye a.

Lom dwe rive yon moman pou yo rekonsilye ak moun yo ye a paske nou tout grandi poun vin yon bagay,gendwa se sa paran nou vle,konsa li gendwa pwop rev nou,sa ka gen pou we ak pesonalite n,moun ki antoure nou oubyen ak sa n reyalize tou.J
ou pou fe ke w kontan pou saw ye a rive,jis ou bezwen aksepte san makiyaj ak preteks,pafwa nou pasne si nou aksepte nap tou fini,li pat dwe konsa,siw konn sa w ye,kote w soti li pi fasil pouw avanse ke w mete tet ou nan imajinasyon.
couple-stretching

“Aksepte” dwe akonpaye pa kè kontan.Aksepte tèt ou ak kè kontan!
Verite sou ou ,se yon bagay ki tris pou viv san rev ak objetif ki pou pouse n monte ekkalye pou rive nan wayom ou,gadon gaspiyaj tan nan pa fe ke kontan pase tout tan w ap rayi,kenbe moun nan ke,ou vin pa we kijan pou w bouje telman se afe moun ki ranpli ke w.

Poukisa w panse ke moun sa ke tout saw te vle a,pa janm mande pou w nan plas moun,sa tris tou le yon moun paka we bon kalite nan li poul pwofite de sa,li pi fasil pou w ap gade yon lot epi w panse vil byen,tout bagay ap mache byen pou li.

Gen yon ti pwoveb ki di”pom toujou paret bel toutan li pa nan menm w”la ou twonpe,pa kite w ale ak sa je w ap ba ou.jete panse kote w panse ou toujou anba,moun sa gen plis enpotan ke ou,mete moun sou ou,siw pa bon nan sa wap bon nan lot la,chak moun gen yon bagay yo domine.