Enflamasyon nan vant ak manje Nwèl

Fèt Nwèl se yon jou tout moun vle manje san kite anyen dèyè san yo pa rann kont manje yap konbine yo ka fè yo malad apre sa.Enflamasyon nan vant,li gen yon sansasyon lou akonpanye ak gaz,doulè,sa ka rive tou swit apre moun nan fin manje,li manifeste apre fèt la,li pa grav li ka disparèt pou kont li,sak pi fasil se fè yon remèd pou frennen sentòm nan epi akselere rekipasyon l
Se yon bagay anpil moun ka gen pwoblèm nan jou sa ak li,nou kite kèk ti konsèy la pou ou
Dlo cho ak sitron,bikabonak
Remèd sa ede netralize eksè asid nan lestomak la epi elimine rès gaz ki rete nan tib dijestif la,li bon pou diminye enflamasyon nan vant apre yon moun fin manje yon manje iritan,li anpeche lòt malèz.
lemon-water
Engredyan
1 vè dlo cho
ji 1/2 bout sitron
1/2 kiyè bikabonak
Preparasyon
Melanje dlo cho a ak sitwon an,apre sa mete bikabonak la,bwè l 30 minit aprew fin manje oubyen lèw santi enflamasyon an
Sin evite manje ak eksè li tap pi bon konsa nou pa tap nan fè remèd lèl fin fete,nou konprann se fèt,men pran bagay yo trankil