Eleman bon atitid

Poukisa li enpotan pou yon moun gen yon bon atitid oubyen atitid pozitif?

Atitid la devlope nan pwòp santiman ak panse entèn,li esansyel nan konpotman chak moun,nan sans sa a atitid ka rezilta ekperyans pesonel oubyen sa w obseve nan lot moun,yo ka enfliyanse ak nòm epi wòl sosyal.

Atitid pozitif bay santiman pozitif ak eneji pou viv ,li fe w kontan tou.Men atitid negatif bay santiman tristès.Atitid ka chanje sin ekperimante bote lavi a ak kèk etap ki senp.

1.Komanse jounen an byen
Leve ak sòti bonè se yon bon jan pou komanse jounen an,siw pa gen koutim nan komansman pap fasil ,men li vo lapenn
2.Gade tet ou
Aprann fe pwop analize ou pa kite se moun kap we defo w,se pi bon fason pou w jwenn sak bon nan ou epi panse ak bagay pozitif ki nan ou.
3.Demen ap yon lot jou
Bagay yo pap janm jan w vle a ,men sa pa vle di lap rete konsa net poutet sa le bagay yo pa soti jan w te panse a,toujou panse demen ap miyo menm si jodi a fenwa,demen ap gen lot opotinite.
4.Ou dwe optimis
Lavi a pa yon wout wos,tout moun pase nan difikilte ,plede ap panse ak yon bagay negatif ap few pesimis ak negatif
5.Rechaje
Bagay nan lari oubyen pwogram televizyon enfliyanse sou atitid se poutet sa dim ki moun ou prekante map diw ki moun ou ye,pwogram ou swiv se sa wap anvi fe,pa chita gade sak pap bon pou avasman w fokis sou sa kap ede simonte nan lavi.
6.Chwazi konpayi
Jan n diw la wap bezwen antoure ak moun ki pozitif pouw ka gen yon lespri pozitif konsa ou pap kontamine ak vye panse,siw kite fatra deyo kay la ou pap janm pran sant li nan kay la.
7.Reve
Sel moun ki gen rev kap rive fe gwo bagay,le w gen yon rev li te met gwo oubyen piti,gen ron rev se premye pa pou yon gran atitid kap paret nan chak bagay nan vi w.
8.Bay tan pou tet ou epi aprann
Fe aktivite w renmen sa ap ede w soulaje tansyon ak libere estres apre wap santiw byen.Aprann fe w santi lajwa ,ou plis gen konfyans nan tet ou,sa kap ede w devlope yon bon atitid.
9.Pran repo
Le w santi w pa kapab anko ,efo yo pa bay fwi ebyen pran yon ti repo ,lew repoze ou reyanime w mantal kou emosyonel.Repoze,manje ak domi byen ka kolabore nan devlopman bon atidid ak konpòtman apre yon poz wap fe diferans lan.