Desizyon trajik

nou toujou panse lanmou se premye fwa nou jwenn moun nan epi san nou mache youn pou lòt tout bagay fèt nou renmen pa foli nou kouri marye san reflechi,epa toutan lanmou sa yo reyèl

se jis apre maryaj wap vin konnen moun sa byen.
ti konsèy nou pote pouw jodia se evite aji tankou moun fou jis pran sanw paske gen bèl bagay lavi sere pouw.
Cómo-afecta-una-mala-relación-a-nuestra-salud

pafwa gen yon relasyon ki kon komanse byen, tout saw tap viv anvanw marye vin tounen yon mistè pouw lèw fin marye
malgre sa wap pase nan maryaj la,ou dwe mete nan tèt ou moun sa pa pouw kitel ale pa fòse rete avèw pou demen pa pi tris.

ou te marye pou lavi men ou dwe pi renmen tèt ou ke lòt yo toujou mete nan tèt ou se sèl ou ki genyen nan mond lan siw mouri ou pap egziste anko.Paranw ap pèdiw men mariw ka jwenn yon lòt fi.
finanzas-ok

mesye yo pa fwa aji pa foli tou e pa sèl medam yo men yo pa padone fasil yo jis vle pou moun padone yo sèlman
ou dwe viv chak jou tankou se dènye bat pouw pa regrèt anyen demen

menm siw te gentan gen pitit ak moun nan sa paka anpechew fè wout ou ak pitit ou
nou pa diw sa pou baw move konsèy jis nou vlew viv viw trankil san estrès
anpil moun pa janm wè sa pou yo fè menm si relasyon an ap mache mal