Depresyon

Se yon maladi serye li lakòz santiman tristès dezespwa,fèblès ak initilite.Depresyon ka grav oubyen modere ak yon sentòm san apeti,difikilte pou dòmi,manke konfyans,anpil fatig.
Ki sentòm depresyon nan fanm?
Pesistan,tris,enkyetid,vid
Pèt enterè oswa plezi nan aktivite, tankou sèks
San pasyans,chimerik, oswa kriye twòp
Santiman koupab,dezespwa, pesimis
unnamed (36)
Dòmi anpil oswa pa dòmi,reveye byen bonè nan maten
Pedi pwa oubyen vin twò gwo
Difikilte pou konsantre, sonje, oswa pran desizyon
Poukisa depresyon pi komen nan fanm ke nan gason?
Anvan adolesan,depresyon gen menm pousantaj nan fi ak gason,men nan pibète depresyon nan fi vin 2 fwa pa gason an.Anpil cheche di mayorite despresyon nan fi gen pou we ak òmòn yo.Chanjman sa yo se pandan kwasans oswa gwosès.Gen kèk fanm se nan menopoz.Anplis fistrakyon ki vini ak sik règ la.Yon sendwòm grav depresyon espesyalman se move imè nan semèn anvan règ la.