Danje ki genyen nan vlope vant ak plastik

Pou detwi selil grès yo se depi andan,sa pa fèt sou po,plastik la pap akonpli ak objetif vant plat la,metòd sa ka pote konsekans,yon moun ta dwe panse 2 fwa anvan li aplike l.
Risk nan vlope vant ak plastik:
Dezidratasyon
Sa se rezilta nan swe twòp,vin gen anpil pèt likid konsekans lan se, vètij, fatig, pèt konsyans,antre nan koma.Anvan yon moun itilize yon bagay li tap bon pou l konnen efè negatif li tou,menm jan li konn poukisa lap itilize l konsa tou chak bagay gen bò negatif yo,tout sa se pou pwoteksyon tèt nou.Pa sèlman gade bò pozitif la.
maxresdefault
Fwa
Li ka afekte anpil ògan nan kò a,pifò marteryèl plastik yo fèt se toksik,lè pò yo absòbe l,li afekte plizyè ògan nan kò a,tankou fwa
Po
Friksyon kontak pwolonje ak plastik la bay iritasyon, po wouj,enflamasyon epi,menm maleng sou po nan zòn nan
Nou ka pa konsidere domaj sa yo,nou ka panse se efè lap fè san n pa rann kont se mal nap fè tèt nou jis pou nou gen yon bèl fòm
Sak pi bon an se fè yon bon rejim epi toujou fè egzèsis.