Chwazi rad maryaj dapre tèm nan

Gen anpil stil rad kòmanse sou modèl prensès la,rive sou pantalon ki ale ak dyadèm,chapo,vwal,penyen,sandal,chak eleman konte.
Rad ki nòmal la fèw santiw byen epi botew eklate plis,li fèw santiw inik nan jou espesyal sa.Poutèt sa nap baw kèk konsèy pouw ka chwazi rad maryaj ou a.
Ou gendwa panse se manti yon sèl ti bagay nan rad la ka fè parèt pi atraktiv oubyen gate sa nèt kòz yon mwens detay.
Yon fwa ou analize karakteristik fisik ou,ou ka chwazi rad ou,yon bagay ki enpòtan se pouw konnen anvan ki kote maryaj la ap fèt paske sa ka chanje stil rad la.
Pou rad ou renmen an pa gen diferans ak kote wap fè maryaj la oubyen ak dekorasyon an poutèt sa nap diw kèk rad ou ka mete dapre tèm maryaj la.
Rad Country:Rad sa yo gen yon stil diferan menm si nou konnen nan moman maryaj la,rad sa yo vin pi konplike tankou pa anlè yo senp epi anba konplike ak anpil etaj,dantèl.
image9
Rad prensès:Se yon rad anpil moun chwazi paske depi piti yo tap panse ak jou sa,rèv yo sete wè yap briye tankou Prensès Disney,se yon rad ki pa difisil ditou pou jwenn.
image8
Rad plaj:Gen anpil fi ki renmen wè yap briye sitou lè fòm yo byen parèt,ebyen stil rad sa yo gen plisye kalite tankou modèl lasirèn nan avèk anpil dantèl transparan.
image5
Se sèl sa nou te vle pataje avèw jodia sou rad maryaj yo,nou espere yo edew,evite chwazi bèl rad,men chwazi youn ki fèw byen,sou fòm kòw,tèm maryaj ak kote wap fè maryaj la.