Chwazi linèt solèy sou fòm figiw

Sak pi enpòtan lè wap achte linèt solèy se pouw konn fòm figiw pouw ka parèt pi bèl toujou

Figi oval:Avantaj ki genyen nan fòm figi sa seke tout zanno fè moun nan byen men ak yon ti figi kout konsa se pa tout linèt ki fè yo byen sitou gwo linèt.
FotoNo.2-aniston

Figi won:Si wap chache kouvri pòpyè w ki parèt twòp oubyen anfle se gwo linèt,kare,rektang pou moun nan mete gade look “de Cameron Díaz” la pou nou wè.
FotoNo3camerondiaz

Figi rektang:Evite mete linèt kare,linèt avyatè yo se youn nan pi bon opsyon yon moun te ka fè poul mete

Figi ki gen fòm pòm:Mete linèt oval ak kare

Figi kare:Ou ka mete linèt avyatè ansan ak wonn evite mete sak gen arebò kare
FotoNo.4sandra

Figi long:Itilize sa kap fè figiw parèt pi kout tankou oval yo,kare
lòt rekomandasyon
Fòm:Si figiw long ou dwe mete linèt won oubyen linèt vè kare
Kalite:Pa bliye fonksyon linèt yo se pou pwoteksyon,fòw asirew ke linèt ou fèw byen anmentan pwotejew e pa tout fwa sak pi chè yo bon kalite
Gwosè:Itilize bon sans ou,si figiw piti achte sak gen arebò pitit yo,sil gwo achte yon gwo nou panse wap gentan wè sak fè byen ak sak pa fèw byen an.