Bwè dlo pou sante w

Bwè plis dlo chak jou ran po nou pi bèl e san tach. Gen plis 60% dlo nan kò nou ,nou dwe bwè 2 lit dlo pou pipit chak jou. Pa bliye dlo se lavi. Lè w pa bwè dlo kantite pou w bwè a w ap detwi lavi.

Si w pa bwè dlo ren an ap fè twòp efò pou l fonksyone. Pa neglije bwè dlo pou w pa gen pwoblèm nan ren w ak nan po w paske si yon moun pa bwè kantite dlo pou l bwè a po w ap sèk. Nou espere depi jodia ou komanse bwè dlo.