Benefis”Fè”

Siw santiw fatige,paka dòmi,ou malad souvan oubyen ou gen estrès,pwoblem sa yo ka yon mank”Fè”.Se yon mineral esansyèl pou kò nou.
1.Li ede nan fòmasyon emoglobin
Tout moun pèdi anpil”Fè”chak jou ki pase,prensipalman nan san an,medam yo pèdi fè pandan règ la,gason yo men si yo blesi lè yap fè bab yo.Nan sans sa fòk nou asire n nou pran kantite ki bon pou òganis lan.Fonksyon prensipal mineral sa a se ke li ede nan fòmasyon emoglobin,kise mas molekilè ki pote oksijèn depi nan ògàn respiratwa jiska tisi.
2.Li kenbe misk yo fò
“Fè”se eleman nitritif prensipal pou misk yo,li fè yo fò ak an sante epi anpeche yo vin fèb,li esansyèl pou moun ki prati espò.
3.Anpeche maladi mantal
“Fè”relasyone ak kenbe sèvo a ansante,li estimile aktivite sèvo epi anpeche maladi mantal..Se poutèt sa li se kle pou sante mantal.
c700x420
4.Ogmante enèji
Anpil fwa nou sot travay nap mouri ak domi,anpil fatig,epi san fos,ke pouw pase tan ap bwe kafe li tap pi bon pouw manje ki rich nan”Fè”pou ka plis fò s,menm siw travay anpil men ko a ap gen yon fòs natirèl pou konbat ak fatig
Eseye ak zanmann!
5.Cheve,po ak zong pou ka an sante
Ou tande pale de keratin tankou yon tretman pou bote nan ko a,men pou pwteyin sa fome wap bezwen”Fè”si nivèl li ba cheve,zong,po yap vin pa bon menm,cheve yo ap sèk,po ak paret lèd,zong yo ap frajil
6.Esansyèl pou fanm ansent
Fanm ansent yo gen nivo eleman nitritif sa ba,koz ti bebe a ap grandi,nan dènye 6 semen nan ti bebe pral kreye pwòp depo fè l poutèt sa fi a pral pèdi 3 fwa sal te genyen an,li toujou bon pou moun sa gen yon rejim nan mineral sa.
Nou espere aik sa itil ou,nap pote plis benefis nan”Fè”pou ou lot fwa