Amelyore aparans fisik ou

Nou pral diw kijan pouw fè sa,pouw ka ekonomize tan ak lajan ou.
Retire enflamasyon nan figi:Fè yon dlo sèl,melanje anpil sèl ak dlo tyèd,mouye yon sevyèt,apre depozel sou figiw pandan 10 minit,melanj lan dwe genyen anpil sèl.

Bouch plen:Pran yon bwòs dan mete yon ti pomad pou bouch ladan epi fè yon masaj pou bouch la,apre wap wè jan bouch ou ap tounen yon bouch sediksyon.

Lwil oliv:Siw vlye yon po swa epi pwòp,ou dwe fè yon vapè pou figiw pipiti 7 minit apre aplike lwil oliv kitel fè 7 minit tou,wap jwenn yon bon rezilta.

Enflamasyon nan po:Siw gen aknè,mete myèl sou bouton ki anfle epi rouj yo,wap wè jan enflamasyon an ak koulè a ap desan.
unnamed (4)
Gout yo mete nan zye yo,ede elimine pwen nwa:Siw gen tach nwa nan figiw ak anpil bouton rouj,mouye yon koton ak dlo ou konn mete nan zyew la apre metel konjele,lèl bon pasel nan figiw.

Retire makiyaj lakay ou:Melanje dlo ak lwil oliv soukel anvanw itilizel,

èksfolyan pou plim chèch:Li senp wap jis melanje yon kiye bikabonat,yon kiyè avwan ak yon kiyè dlo fè yon pat avèl,mete nan pye a kote ki gen plim ki chèch yo,kitel fè 15 minit apre lavel ak dlo tyèd.
unnamed (5)

Solisyon yo senp epi yo pa chè,aplike konsèy sa yo,jwi botew plis chak jou pandan 2017 sa.