Abitid nan yon koup marye

Anpil koup ap viv kè kontan se paske gen sèten abitid ki kontribiye nan mitan yo. Yo ale nan kabann ansanm. Yo kiltive enterè komen: lè relasyon an gen pwoblèm yo chache jwenn solisyon epi lite ak sak ki ta vle kraze relasyon an.
Yo mache men nan men : ke pou youn ta kite lòt dèyè paske li mache pi dousman li pito mache bò kotel

kop2

Konfyans ak padon: Nan dezakò oubyen diskisyon, yo pa mete afè yo deyò, yo padone youn ak lòt olye pou yo kenbe rankin nan relasyon an.

Yo toujou anbrase lè yo rankontre: yon koup ki toujou anbrase kenbe kò a ak anpil souvni e sant youn lòt.
Yo pataje lanmou yo chak jou : se yon fason yo kiltive pasyans ak tolerans difikilte ak lòt malèz.
Youn rele lòt oubyen voye yon ti mesaj pandan yo nan travay ,yo pa domi fache kèlkeswa jan yo santi yo.

Yo fyè ansanm : Yon koup kè kontan toujou vle ansanm sitou lè yo nan piblik , moun gentan wè yo renmen yo toujou gen yon ti jès yap fè tankou mete men: sou zepòl, do, jenou, elatriye.
Yo toujou montre koneksyon ki genyen nan mitan yo, pafwa san yo pa ran yo kont sou sa.