Abi ak vyolans sou fi se pa anyen nouvo

Mesye yo toujou gen eskis lè yo ap maltrete yon fi swa yo di se fache yo te fache oubyen lè yo fache yo paka kontwole yo tout sa se pawòl,fi a menm vin santil koupab nèt jiskaske li abitye ak tout kalite abi sa yo,yon moun pa bezwen bat ou poul maltrete w,bouch se pi gwo zam li ka detwi ak konstwi.
Sa fè kèk tan yap pale plis de bagay sa,men gen peyi jiskaprezan abi sou fi plis ke tout bagay epi yo pa respekte fi,menm si gen anpil moun kap travay kont vyolans sou fanm,men ak tout sa gen fi ki pap janm ka di anyen yap soufri ansilans,kòz silans abi sou fanm vin tankou pen chak jou poul manje.
Gen anpil gason ki renmen montre ki moun kap kòmande,kiyès ki pifò ak tout kalite efò lap fè poul montre bagay sa yo,sa vin fè li maltrete,menase,entimide ak leve men sou mennaj oubyen madanm li paske yo kwè se konsa yo ka entimide yon fi.
Nou dwe lite plis kont vyolans sa yo,inosans ak move dezisyon nou,pa dwe janm yon eskis pou n kite moun ap maltrete nou,li toujou enpòtan poun evite tonbe nan vye relasyon se samdi ki montre kijan dimanch ap ye,gen bagay ou rantre tèt ou pafwa se yon chaj ou te konnen w pap kab pote,men ou di wap resiye w,lavi bèl epi kout,ou pa dwe resiye ak anyen ki pa fèw byen.
unnamed (35)
Nenpot lè nou ta dekouvri relasyon an pa bon,nou sipoze chape pou l nou epi libere anba moun sa,pafwa sa kap maltrete lòt la ka santi l asire,fanmil pa andanje li jere yo byen,men fòk ou panse ak vi w epi vi pitit ou.
Men poukisa anpil fi paka bay vag nan yon relasyon yap maltrete yo
Li pè sa sosyete a pral di,piske li te gentan bay yon lòt imaj positif de nèg la
Sim kite l,mpap jwenn lòt moun renmen m ankò
Mwen pè reyaksyon l ka fè sim kite l
Li dim depim kitel lap touyem
Sam pral di timoun yo sim kite l
Timoun yo renmen papa yo,yo pral soufri poutèt mwen
Si moun sa te renmen w, li pa tap janm fè w mal,otomatikman li kòmanse ap maltrete w lage cha,pa tann li touyew oubyen domaje w pouw pa regrèt paskew pat janm ale.