Tout fi ak gason nou dwe chache konn kijan poun kontwole emosyon nou sitou jèn yo.Si depi nan ti laj sa yo nou aprann respekte kò nou kòm yon bagay ki gen anpil valè epi presye nap evite anpil santiman negatif nan fiti.
Manman aprann timoun yo danje ki genyen lè yo pa fè atansyon depi lè yo jèn,aprann li poul bay kò l ak lanmou,se pa pou lajan ni byen sil kap rèt tann lèl marye li tap pi bon toujou.
Anpil jèn gason panse paske yo se gason yo pa bezwen fè atansyon nan relasyon entim yo,yo panse yo ka kouche kantite fi yo vle apre pou yap di sa ak zanmi yo ke nou fè sa deja,pafwa menm non moun nan yo site san panse ke yap sal repitasyon fi a kite panse li bay kòl ak lanmou men domaj se pat yon bon lanmou.
Resève plezi seksyèl oubyen abstinans pa nan kalandriye anpil timoun,menm si anpil paran paka kwè sa jèn yo pran relasyon seksyèl pou plezi,pou yo pase yon moman byen san panse ak anyen,yo moman enkonsyan,iresponsab yo ka vin bay plas ak yon lòt vi,epitou yo bliye si yo ka pran maladi,yon jèn ki damou pa panse ak anyen sèl ak jwi yon bon moman.

Sa gen yon bon bout tan depi jèn yo bliye koutwazi,romantizm,vizit sou plas,bibliyotèk,lè yap vizite mennaj la fòk gen prezans yon lòt moun la.Paran yo dwe aksepte ke tan chanje,jen yo ap viv chak jou ak presyon mond lan,men fòk ou toujou konnen li pa janm twò ta pouw pale ak pitit ou,toujou di yo ki danje ki gen nan stil de bagay sa yo,gen timoun chak jou li gen yon fi diferan lap mennen nan kay la se pa sèl medam yo poun kenbe di gason yo ladan tou,pa pran plezi nan sa yon jen gason ap fè pouw di se jenjan li ye pa bliye maladi pa konn mawozo ni jenjan.
Kèk nan danje yo se tonbe ansent anvan lè,risk maladi kontajye,anpil fwa sa yo ka lakòz moun nan paka enfètil epi menm koze lanmò l.Anplis fòk nou panse repitasyon fii frajil sa ka detwil tout vil.
Sa ka parèt yon tèm ki pa gen enpòtans,men lè wap panse ak konsekans yo oubyen soufri yo,wap wè emosyon se yon bagay ki ka fèw soufri tout vi w paske gen bagay ki ka makew oubyen kitew make tout viw
Toujou sonje anpil fi bay kò pou lanmou paske yo te kwè nan pwomès,sèman ak lanmou kite fèt nan moman emosyon an.