Eske sòti ak plizyè moun se sinonim penbèch?

Li bon pou yon moun defini ak detèmin kisal vle nan lavi,omwen sa ideyal,si gen absans nan rezon li tap bon pou moun sa fè zanmi ak bon moun pandan li asirel ak yon moun li vle fè vil.
Aprann diferan fason pou panse
Si wap sòti ak plizyè gason ansanm,sak baw opòtinite a seke chak gen diferan kote pou yo ale ak ou,oubyen diferan fason yo trete w,chak peye yon bil elatriye,sa vin ogmante nivo plezi w.
Malgre ou kite tout opsyon sa yo ouvri epi ou disponib pouw rekonèt tout moun sa yo kap koze ak ou a,ou pa pèdi tanw ak youn sèlman paske li pap satisfè bezwen w,kisa ki ka anpechew di tout wi?aksepte tout envitasyon,epi gen espwa ke nèg pou fè viw la nan mitan yo.
Lèw deside sòti ak yon sèl moun,se yon bagay nòmal apre yon tan lavi l,presans li,tout li menm kòmanse pa entèresew,ou ka santiw pa nwi ak moun sa,men ou pa fè efò pouw renmenl,men siw sòti ak plizyè chak ap baw yon bagay diferan.
unnamed (40)
Chak gason wap sòti ap gen yon gou diferan tankou:bote,sajès,lide,sansibilite,lanmou,gendwa w pa renmen al an pwovens ou jwenn youn ki envitew,konsa yon lòt ka mennen w nan plaj,pisin,bal,monte bisiklèt,elatriye.
Sòti ak plizyè gason ansanm ap edew konnen diferan pèsonalite ap fèw wè ki stil gason ou vle,chak nan yo pral eklesi lespriw pouw wè sak bon ak sak pa bon pou ou,bon si moun nan konnen se pa sèl ak li wap sòti ap vin gen gwo konpetans,lap fè anpil efò pouw pou li sèlman,lè sa wap vin ka wè ak kiyès wap rete.
Si w gen plan pouw rete sèl pou yon ti tan,pou lèw fini ak tèz sa oswa paske ou vle fè lòt bagay,sòti ak plizyè gason pral ede w pouw pa konsantre sou yon sèl,lap difisil pouw tonbe damou yon moun.

Si se konsa ou santiw ye swiv plan w,jiskaske w pare pou tonbe damou.
unnamed (41)