Anpil moun pa konnen bagay pozitif aktivite sa a genyen pou sante yo.Se pou sa jodia nou vle pataje ak ou ke nan benefis li yo ke okenn moun pa janm rakontew.
1.Mastibasyon bon pou lasante,li se yon fason natirèl pou kenbe moun an sante,li ranfòse sistèm iminitè a,li anpeche maladi irin ki ka kòz fi pa fè pitit.
2.Li soulaje doulè sitou moun ki gen malèz règ ak lòt sentòm jinekolojik,li fè ògàn nan relache nè yo
3.Li geri lensomni,gen anpil solisyon pou lensomni,pa gen dout nan sa pa gen solisyon ki pi bon ke sa.li fè moun nan santil an sekirite epi natirèl,yon fwa ke moun nan touche ògàn li,kò a lache epi sistèm nève a gen tandans repoze,epiw pral tonbe dòmi
4.Li pa fè moun pèdi anvi pou sèks,gen yon mit ki di depi yon moun ap fè sa lap vin pa gen anvi pou li fè sèks,nou pa tèlman kwè nan sa,sa fè moun nan konn plis bagay de tèt li epi favorize yon bon relasyon seksyèl

5.Mastibasyon ede ak estrès,nap diw mastibasyon an dekonsantre sistèm nève a ak tout ògàn yo,li bon pou estrès nap afwonte chak jou nan lavi a.Pratike aktivite sa a san pè ak prejije,li diminye tansyon nan kò a,epi prepare w pou yon lòt jou.
6.Mastibasyon pa sèlman pou gason,nan tan sa gen moun ki toujou ap panse ke mastibasyon se bagay gason sèlman,se yon bagay pou moun fè,medam yo ka pratikel si yo vle,anplis se yon bagay kap fè moun anvi epi preparew pou yon bon relasyon seksyèl.
7.Kèw ap kontan nan tout bagay,kè kontan se yon bezwen obligatwa,mastibasyon se yon fason yo reyalize kontantman,se pa sèlman nan moman apre tou,moun ki pratike sa pi souvan gen plis jwa nan vil,yo dekonsantre,yo konnen yo plis,epi yo santi yo plis an sekirite.
