Se pa tout moun ki renmen pataje sak kap travèse yo,fanmi,lekòl,travay yo,men li tap pi bon siw chache yon moun ou fè konfyans ou rakontel,lè konsa se yon chay ou retire sou dow,wap santiw lib.
1.Gade ak anpil atansyon saw santi
Si santi w tris,fache,konfis,oubyen deprime,pran yon ti tan pouw wè sa kap pasew,ou pa janm konnen konsa ou ka santiw tris pou yon relasyon kite la ki pa la ankò,pigaw jije tèt ou,men sèlman jis gade sak mete w nan eta sa oubyen ki moun ki fèw vin nan eta sa.
2.Rete an prezan
Yon fwa ke ou jwenn sak metew nan sitiyasyon an,bay tèt ou atansyon,gade janw santiw,gen dwa tèt ou tap fèw mal,ou gen doulè nan do,jis respire epi fè diferans ak janw te ye anvan,pa jan lite kont santimanw li andanw,kitel ale pou kòl.

3.Respire epi pran souf
Libere difikilte sa yo,siw santiw gen fristrasyon,tristès,mete tout ak pa bon deyò,pouw ka lib
4.Kiltive rekonesans
Gade prezan,epi gade konbyen fwa ou kite pwoblèm ou yo ale,lèn bloke ap istwa nou yo,li yon jan konplike poun wè prezan nou plis toujou vle rèt nan pase men fòw fè efò,pran yon ti tan pouw gade prezan ak tout saw pase ou la toujou,fòk nou remesye chak jouw leve.