Moun ki gen plizyè gason oubyen fi,eske sa se poligami?

Gen moun ak tout efò yap fè yo paka rèt fidèl,yo pa janm ka renmen yon sèl moun se yon bagay enposib,eske se yon mal bagay sa ye?,moun nan pevès?,oubyen se yon bagay egoyis?.
Moun ki pratike poligami di moun sa yo se moun kap jwe ak santiman lòt.
kisa poligami ak fidelite ye?
Dapre moun ki fè etid,yo pa konsidere poligami tankou yon enfidelite,men se yon moun ki gen plizyè fi ki respekte chak moun ki nan relasyon an,san ke li pa bal manti,poutan enfidelite a se yon sòt ipokrisi,moun kap twompe tèt li,bay manti,pa respekte dezisyon ak santiman moun.
polygamy-1-symbol-Charlotte-Family-Law-Attorney-North-Carolina-Divorce-Lawyer
Lè yon moun gen anpil fi oubyen gason se pa yon bagay ki nòmal sitou Ayiti,men gen lòt peyi yo aksepte l,konsa tou se pa yon bagay moun toujou ran kont fasil,tout sa depan de moun yo,si yo vle moun pale de yo,paske menm nan lòt peyi yo fè sa se pa nan tout vil nan peyi sa yo aksepte l,epi se pa tout moun ki renmen sa,men kòm tout moun respekte chwa moun se sak fè yo pa diskrine yo.Nou pa diw sa pou w al mennen yon vi konsa,men pouw ka fè diferans epi lè yon nèg gen anpil fi nan sosyete nou an yo di li se jenjan epi fi ki gen plisyè gason yo konsidere l pou yon moun ki pa bon tout sa se yon fòm diskriminasyon kont medam yo,si tou de moun yo nan menm vi a,pou pa bon se tou de paske tou de ap fè menm bagay la.
Ti konsèy nou jodi a se pouw mennen vi w janw vle men se pa pouw detwi l,mache sou wout la ak anpil trankilite.