Rezon ki fè yon moun marye menm si yo konnen se pa yon bon chwa

Chak ka prezante yon sitiyasyon diferan,men gen kèk rezon espesyal ki toujou rive fè moun nan marye menm si li konnen se pa yon pi bon desizyon li pran.Se pa tout moun ki marye pou lanmou.
1.Nan moman li parèt lojik:nou gen anpil tan ansanm,pa mande sin tap viv nan kay,nou wè nou bèl,petèt maryaj la se sèl sak rete pou fèt.

2.Gen bagay ou te konn santi nan relasyon an ou pa santil ankò:pafwa moun yo pa wè lòt jan pou yo viv premye jou lanmou yo ki yon jan ap bwate se marye,pou lanmou an pa pèdi nèt.

3.Anvi pou grandi:moun nan konn pa vle kite twòp tan pase sou li,oubyen panse sil marye gen bagay kap chanje,sosyete a ap gadel yon lòt jan.

4.Se yon bon okasyon:lè moun yo gen yon bon travay,afeksyon pou timoun,vin gen yon lòt panse,se kòmsi pa gen anpechman ankò,si gen kòb pa gen anyen ki ka anpeche maryaj la.

5.Pè pou fini sèl:pa gen okenn moun menm si yo pa renmen maryaj kita vle pou yo fini yon jou pou kont yo nan yon kay san yon lòt moun bò kote yo.
cake-590774_960_720

6.Dezi pou lòt la chanje:moun toujou panse yap chanje kou yo fin marye,paske yo panse yon moun ki marye pap ka plede mache kay zanmi tout jounen paske lap gen anpil okipasyon lakay li,se pa sa?

7.Sekirite ekonomik:moun yo ap dòmi pi trankil,lè yo konnen gen kòb kap antre nan fanmi an,se pa sèl nèg la kap travay tou de moun yo ap travay se yon gwo bagay.

8.Lè gen yon ti bebe nan wout:jiskapresan depi yon moun ansent fòk ti bebe a grandi nan mitan paran yo,pa gen lòt solisyon ke marye.

9.Presyon Sosyete:chak moman sosyete a ap fèw sonje ou gen pouw marye li te mèt moun lakay ou yap toujou mandew kilè wap prezante yo,yon moun pouw fè viw,zanmiw ki marye deja ap diw jan sa ye,epi vwazin nan ap diw kilè wap marye menm.

10.Revèy byolojik:menm si medsin yon ti jan elwanye tèm sa,men fòk ou konnen gen lè pouw marye ni fè pitit,sitou pou fè timoun nan poul pa twò ta,pou sa pa afekte santew.