Lè yon moun pa fidèl se pa yon bon bagay men anvan tout bagay chache konn kijan kifèl rive tonbe nan sikonstans sa ki se yon chòk pou tout yon sosyete nou pa bezwen diw pou fanmi.
Tout bagay se kominikasyon,nenpòt jan bagay la ye fòw chita pouw poze tèt ou kezyon oubyen mesye a apre sa wa aji
Men kesyon wap bezwen poze yo
kisa ki fèl pa fidèl la?
kijan relasyon an te ye anvan ou kenbel ap twonpew?
Eskew santil koupab pou sak fèt la?
Mka padone sal fè a?
Apre mfin kenbel,kisa ki chanje nan vim?
Eske mte bal anpil atansyon nan kay la?
Kijan mte konn pale ak li?
Konbyen tan li genyen lap twonpem?
Eske se vre li te rèt nan travay la pou anpil tan?
Konbyen tan li genyen ap sòti ak lòt moun nan?
Eske se yon twou vid mte bay?
Sil renmen m poukisa li ale ak yon lòt moun?
Eske li toujou ap bay manti?
Eske se premye fwa li tronpem?
mka padonel?
Eskem pa konplis ak sak fèt la?

Gen anpil lòt kesyon ankò nou ka poze tèt nou,paske anpil fwa yon moun pa fidèl sa pa vle di se fòt li,pafwa se kèk espas vid li jwenn sepa tout moun ki ka rèt nan solitid,gen moun fò yo toujou ap amize yo tèlman yo sansib,se sak fè anvan ou rantre nan yon relasyon ak yon moun fòw bat pouw konnenl anpil pou bagay la pa vin konplike pou ou pi devan.