Benefis ki jistifye ke maryaj trete tankou yon opsyon sosyal
Etazini nivo divòs la wo anpil men dapre yon rechèch yo fè 90% nan moun sa yo ki divòse a di maryaj se yon bagay ki espesyal,yo toujou ap panse ke maryaj se yon wout long pandan tout vi a.Epi lèw se yon moun marye gen plis respè menm si tout sa wap tande gen moun ki pa vle marye pafwa yo pè responsabilite.
Se Yon kesyon sante piblik
Koz piblik la nan moman manke apiye maryaj divòs la vin fasil kounyea,epi gen peyi si moun yo ap viv nan plasaj leta ba yo papye legal pou sa.Yo jwenn anpil konseye pase tout tan yo ap bay konsèy pou maryaj ki an kris,moun ki ta dwe fè sa se sikològ,prèt,edikatè men li sanble yon konsantre yo nan benefis emosyonèl maryaj la sèlman kòmsi se sèl pòt sòti sa ki genyen.Aparans kè kontan an diminye pa gen agiman ki pou frennen echèk la.
Yon asirans ki kouvri tout bagay
Sekirite ki gen nan maryaj la anime mari a pran desizyon ansanm epi espesyalise nan travay pou byen komen,gen bagay lè moun nan pou kòl li pap janm rive fèl,men lè li mete tèt li ansanm ak yon moun lap fèl epi pi rapid paske se 2 kòb yap reyini pou yo fèl,sil te rete selibatè li pa konn kilè li tap fè kèk bagay.

Divòs ineksplikab pou timoun yo
Premye ka,timoun nan ka konpran oubyen wè ke pa gen lot solisyon ke divòs men anpil fwa tou paran pa menm ka ekplike poukisa yo divòse.
Dezyèm ka,seke se sèl youn nan paran yo ki toujou pote plis atansyon ak timoun yo,moun nan konn rive nan yon moman li paka viv ankò pou sosyete a li oblije bay vag.
Chanjman legal
Dwa ak responsabilite maryaj chanje nan kèk peyi,depi moun nan ansent,lal mande divòs yo pa ba lil pou timoun nan ka fèt andan maryaj,sitou si gen timoun ki poko gen laj avanse,lòt jan yo ranfòse maryaj la ankò se pa konseye youn nan paran yo gen dwa sou timoun nan sèlman epi lòt la non,konsekans divòs la ka vin grav pou timoun yo paske lèw fin gen yon timoun li difisil pouw anvi marye ankò,li gendwa konplike pou yo anpil menm pou yo fini lekòl yo,epi lap difisil pou yo adapte ak yon moun ki pa papa yo.
Yon moun ki pran gwo desizyon sa kise maryaj dwe pran responsabilitel bon move tan pou akonpaye madanm li,se anvanw te marye pouw te konnen li pa tap fasil pouw epi nan legliz la ou te di pou bon move tan.Mensi gason an ap travay pou okipe kay la men lèl rive lakay li fòl jwe wòl papa se pa sèl manman chak jou kap fè menm ti bagay yo,gen anpil benefis nan maryaj pou fè byen ansanm oubyen anpil lòt bagay gen yon benefis tou anpil papa dwe chache ede fi a fè travay nan kay.