Nan nenpòt ka!bi dezakò a depan de chak moun paske yon sèl moun pa janm koupab anfas yon pwoblèm sitou si nou marye,chak moun ap rèt tann pou youn chanje,pafwa sa ki bay plis pwoblèm nan se li kap tann chanjman an,epi pa gen moun ki ka chanje pou moun se priye poun priye pou sa,pifò moun toujou santi yo byen jan yo ye a toutan yo pa viktim ak konpòtman yo.
Men kèk bagay pou nou fè pou evite tout pwoblèm sa yo
1.Tan lò
Bay lòt la yon ti tan,toujou bat pouw kreye yon tan pou nou 2 a,men pigaw janm konfonn kalite ak kantite.
2.Sòti pa okasyon
Pigaw janm kite madam ou nan kay ni mariw pouw ak plede sòti pou kont ou,se pa lè yon fèt oubyen lè yon moman espesyal poun sòti ansan evite sa,nou marye men se pa yon obligasyon pou youn toujou fèmen nan kay la
3.Tande epi Koute
Lè gen yon dyalog ansan pa bay moun nan limit nan sa lap di a,kitel ekprimel,siw tap fè yon bagay metel sou kote pouw ka tandel epi moun nan ap wè ou bal atansyon,pafwa anpil pwoblèm se pou sa,sitou nan moman sa telefòn enpose moun pale ak moun fas a fas tèt moun nan toujou atè fòn entelijan gen bagay ki pi enpòtan ke sa.
4.Tankou mennaj
fè vi nou tankou se premye fwa nou te renmen e fenk rankontre,pou chak jou se yon nouvo jou,konkeril chak jou,okipe pou li,relel lèl poko antre,voye ti mesaj lèn nan travay se sa vi a ye,pa bay plas pou yon twazyèm moun.
5.Bon souvni
Toujou sonje bon moman nou te pase ansanm,pa janm bat pouw sonje move moman li pap bon pou fanmi an lap fèw santiw mal.
6.Panse pou fiti
Fè plan pou fiti ka soulanje anpil bagay kap pase nan presan,ou paka marye ou gen yon fanmi ou pa janm panse ak anyen nan fiti enposib,panse ak nouvo kay nou,yon lòt ti pitit ankò,ak yon bisnis elatriye.
7.Pa gen lòt tankou w
Fè lòt la santi ou se sèl moun ki ka fèl santi l byen,bay yon atansyon maksimòm nenpòt kote li ta ye a lap santil manke yon vid.

8.Sipriz
toujou bat pouw bay sipriz li te mèt yon sirèt,bay li ak anpil lanmou epi sajès,prepare dine pou nou 2,ou konnenl deja se pa yon sèl bò pou bagay la chita fòw wè moun nan ap fè efò tou,imajinew ou ak mariw li pa janm fèw kado anyen sa tris,chache pwoblèm nan oubyen lap bay li deyò.
9.Bo
Toujou bo moun nan lè wap separe ak li,lèw antre sa yo rele abitid menm anvanw dòmi menm si nap dòmi sou menm kabann.
10.Chachel
Dil ou te sonje anpil,ou pat ka tann pouw te antre nan kay la,aktivel,lap kontan tande sa e mariw madanm ou pa gen timid nan sa,dil ou vle avèl ale byen lwen voyaje nou 2 a sèlman,se poun santin byen nan kay la sepa nan lari pou moun nan al santil byen.
11.Verite
Bat pouw toujou sensè nan sa wap di yo,evite bay manti ki ka mennen ak yon divòs,oubyen yon bagay pi mal