Ou konn kijan pouw retire plim chat nan rad?

Sak pase lè plim yo ap tonbe konsa se chanje bèt la ap chanje plim se pa bon plim yo kap tonbe,sa ap edel rèt an sante,chanjman sa fèt sitou nan sezon prentan,otòn nan emisfè nò,li enposib si yon moun ap viv ak yon chat poul pa gen plim li sou li.

Teknik pou retire plim chat
Bwose po chat la chak jou,sa ap evite plim yo tonbe sou rad la paske si wap bwose l pol chak jou se sak pa bon yo wap retire,yo pap janm rive tonbe sou rad ak kanape ankò.

Retire plim chat ak adezif epi bwòs
Bwose chat la pa sifi sèlman pou evite plim yo tonbe nan rad,yon fason ki pi rapid pou retire plim chat nan rad se ak bwòs rad ou ka jwenn li achte tout kote,adezif ou konn tepe bwat,vlope menw ak tep la nan bò ki pa kole a epi bat rad la ak lòt bò ki kole a.

Gan kizin pou retire plim chat nan rad
Sitou gan latèks oubyen sa yo itilize pou lave asyèt yo,yo gen elektrisite estatik pandan yap fwote ak yo,yo gen anpil chaj elektrik akimile ladan yo ki ka kapte plim chat ki nan rad yo,bat pouw retire plim ki koule yo detanzantan nan yon sans pou gan an ka parèt efikas.
unnamed (23)

Retire plim chat ak twal epi eponj mouye
Yon mozo twal mouye oubyen yon eponj retire plim chat yo byen nan rad,li bon tou poun mete rad la nan dlo,chak tanw fin pase twal la sou rad la remouyel pou sak ladan yo ka sòti anvanw retounen pasel ankò.

Mete rad la tranpe pou plim chat la ka flote
Lèw gen yon rad”Jersey”epi li anvayi ak plim chat.yo pa vle sòti pibon solisyon sa se mete rad la nan anpil dlo pou lap flote epi tout plim yo pral rasanble ansanm jiskaske yo kite rad la san plim nou kwè ki se objektif ou pou rad la rèt san plim.
Pa kite chat yo antre nan pandri
Kite pòt pandri yo femen se pi bon bagay ou te ka fè,pou rad yo pa ranpil ak plim chat,jan pwovèb la di a prevansyon pi bon pase geri.

Si apre tout sa yo,ou wè gen plim toujou,la fòw pran yon ti pasyans.