Sa poun manje ak sa poun pa manje lèn gen règ

Nan moman règ la fi a gen anpil estrès,pou nivo estrès sa diminye se manje bon manje evite manje vye manje kap pral fèw pi mal.Nan atik sa ou pral jwenn yon lis manje ou dwe manje ak saw pa dwe manje lèw gen règ.

Pwa:Nivo fib pwa yo genyen an redwi sentòm konjestif ak kranp,li fè twalèt yo pi di ak anpil dlo sa ap fè kò a libere anpil dlo epi dijere byen,li redwi konstipasyon ak dyare,legim yo tou se yon bon sous vitamin konplèsk B ki evite granp ak fatig règ.

Legim:Vejetal vèt yo rich nan kalsyòm,mayezyòm ak potasyòm,ki kalme kontraksyon ki kondwi doulè vant lan,manje sa yo kap fèw detann ak kalmew,vejetal sa yo tou gen anpil kantite vitamin K nesesè ki pou kaye san,epi evite san koule twòp.d_conservas-vegetales-legumbres
Omega-3 asid gra:Sak kòz kontraksyon misk yo ak doulè règ la se yon gwoup sibtans ki menm jan ak òmòn ki nan òganis lan yo rele”prostaglandin”yon jan pouw tiye efel se konsome anpil asid gra ak omega 3.Pwason somon,nwa,dapre yon etid,yo wè fi ki manje ekilibre gen mwens doulè.

Anana:Nou toujou tande yap di anana pa bon pouw manje lè yon moun gen règ men dapre yon etid sant nitrisyon moun nan peyi Etazini fè nan vil”Grand Forks”nan nò peyi a,yo jwenn ke fi jèn ki pa manje anpil Manyezyòm gen plis san ki koule jiska 50%,sak fè yo rekòmande medam ki gen doulè règ pou yo manje plis Manyezyòm,fri yo rich nan Manyezyòm men sak gen sous eleman nitritif sa se anana,anplis anana gen yon anzim ki ede misk yo lache epi evite doulè règ.

Te:Se yon lòt sous Manyezyòm mensi fòk medam yo evite bwè sak gen kafeyin ki pwovoke plis malès.Te jenjanm itil pou soulaje tèt vire,vant anfle.Te pòm gen pwopriyete pou soulaje kontraksyon misk epi redwi tansyon ki ka kondwi enkyetid ak iritasyon.
fruit-2109043_960_720

Dlo:Twòp retansyon likid se youn nan prensipal kòz sentòm konjestif tankou granp ki transfòme nan yon gwo doulè,meyè bagay pou redwi retansyon likid la se bwè dlo menm si nou wè sa parèt dwòl men pa gen lòt solisyon.Si yon fi pa bwè kantite dlo poul bwè a,kòl ap gen yon retansyon likid anplis.

Yogout:Li se yon bon sous kalsyòm ki ka soulaje doulè règ,poutan vyann,ak lòt manje grès yo gen asid ki ogmante pwodiksyon prostaglandin nou konnenl deja li bay granp,se pou medam yo manj bagay ki pa gen grès nan moman règ la tankou;pwason,ju natirèl,sereyal,vejetal,soup,elatriye.

Manje poun pa manje nan moman règ
Kafeyin:Evite kafeyin,chokola,kola,kafe.Kafeyin nan fèmen veso sangen epi li dezidrate kò a sa ki ka bay maltèt ak plis estrès.

Manje fwi:Sak pi bon se evite manje vyann fri,pòmdetè,fwomaj,lwil,nenpòt manje ki gen lwil la oubyen ki gen plis ke 200mg sodyòm.
french-fries-461705_960_720

Sik:Evite manje twòp sik paske lap fèn santin nève pou plis tan,pa manje twòp gato,ni farin blan kote kò a ap transfòme l byen vit an sik,pa manje sereyal nan maten.

Pot nouvèl pa chay nou espere ti konsèy sa yo itil nou,konsa lèn gen règ na santi mwens doulè oubyen nou pap santil ditou sin manje sa poun manje,piton manje yon ti kal nan chak bagay ki ka itil nou ke poun manje yon ekip manje kap fè nou mal.