Ki benefis sèks genyen pou fi?

Jodia nap diw ou menm ki fi,kèk benefis pouw konnen de sèks epi pa pè pale de sa,chache moun ki gen plis enfòmasyon sou pouw ka konnen plis bagay,konsa ou pap melanje bagay yo epi wap konn nan kisa li bon pouw ak sa li pa bon.

Ranfòse sistèm iminite:Fè sèks 1 fwa oubyen 2 fwa nan semèn nan,li ogmante antikò nan san pou ka konbat kont antijèn(bakteri,viris).

Redwi estrès,gras ak oksitosin ki reponsab poul pwodwi òmòn nan sistèm andokrin nan,li gen yon ekip glann ou jwenn yo nan pwatrin,kou,vant,ovè,pankreya,ak testikil,i fè moun dòmi pi byen,òganis lan ogmante sekresyon dlo nan kò a epi po a vin pi idrate.
ade_-_Ternyata_Ini_Posisi_Seks_yang_Tidak_Disukai_Wanita

Li ede boule kalori,nou ka rive boule 1000 kilo kalori sin fè sèks,li diminye tansyon tou paske se yon sòt egzèsis li ye.

Redwi doulè,tankou maltèt,misk,doulè nan kòl matris,evite maladi kadyovaskilè,dapre yon etid yo wè si yon moun fè sèks 2 jiska 3 fwa nan semèn nan,li ka disminye risk pou maladi kè,plis ke yon moun ki fèl 1 fwa nan mwa,li amelyore lasante ak ralanti sou laj.Plen lòt toujou men jodi a se sa yo sèlman nou pote pou nou.
se
Nou pa diw sa pouw fè sèks nan move kondisyon ni san lèw poko rive,men gen de bagay fòw konnen kap itil ou pou lavi.