Rezon yo ka diferan,li ka yon maladi ki dire anpil tan swa pou yon moun nan fanmil oubyen li menm,li ka yon pwoblèm travay,ekonomik oubyen ak lapolis.
Sa ka vin grav men se moman sa pouw aplike “nan sante,maladi,richès ak lamizè”janw te dil nan legliz la
Bay konsèy yo toujou fasil pou fè,moun nan ap santil byen se devwa w.
Men kèk rekòmandasyon:
Bat pouw toujou pwòch moun nan,nan yon moman difisil sa pouw premye fè,se toujou rete bò moun nan pa kouri pou nenpòt nivo pwoblèm nan ta ye,pa fè sa ak troub fò moun nan santi lòt mozol la bò kotel.
Sipò,moun kap pase move moman toujou vle poul santi konpayon li an sipotel,sa vle di pouw edel chache solisyon oubyen pran yon desizyon,desisyon yo ka:ekonomik,òganizasyonèl.Nan moman sa yo moun nan ap atann yon bagay de ou
Konsole,moman difisil yo toujou gen anpil doulè,yon madanm oubyen mari dwe yon soulajman,yon zepòl pouw apiye

Konsiderasyon,pa konsidere anyen mal moun nan ap di nan moman paske li gen anpil estrès,tout sa yo ka fèl rive bay repwòch,move jan elatriye,imajinew se ou ki pi pre se sou ou lap degajel men pa okipel nan moman.
Kè sansib ak konpreyansyon,eseye metew nan plas moun nan,pouw wè sa lap santi,konpayon kap soufwi a toujou ta renmen pou yon moun metel nan plas li menm pou yon segond,pouw ka santi doulèl,li pap ret tan bon konsèy,ni pawòl ki pou fèl santil byen sèlman konpreyansyon.
Si youn nan paran moun sa yo malad anjeneral se yon bagay kritik,yon fouchèt nan de wout,sa ka krase relasyon an konsa tou li ka ini moun yo plis toujou paske se bò paran moun nan ap toujou vle rete jiskaskel geri oubyen yon lòt bagay pase,sa ap mande anpil sipò ak konpreyansyon pou relasyon an pa afekte.
Nou panse anpil nan nou pase nan ekperyans sa.Poukisa ou pa patajel avè nou?