Pouw ka pi efikas pou pitit ou,nou pral diw kèk ti bagay pou bay valè epi fè
1.Fòw gen konfyans nan pitit ou:Bay timoun nan yon souf epi pousel poul avanse,apiyel nan sa lap fè ki positif,edel poul ka kwè nan tèt li poul ka yon timoun san pè,san pèn elatriye.
2.Pitit ou dwe premye:Si gen timoun piti toujou bat pouw aranjew nan travay la pouw ka patisipe avèl nan pwogram lekòl li.Pa bliye fèt li,pa rate jou gradyasyon l,premye jou klas li toujou bat pouw akonpayel,siw lakay ou timoun nan bezwen pale ak ou,kite sa wap fè a bal atansyon.
3.Pwoteksyon:Sa se youn nan premye travay pou fè,sa pouw fè anvan se toujou menmenl lopital,yon bagay ou dwe apran li depi tou piti,montrel kijan poul fè poul rele lapolis si gen yon pwoblèm,anbilans,ponpye epi dil pika li manje nan menm moun li pa rekonèt ni pale ak yo.

4.Akolad:Lèw koke yon timoun lap santil pwoteje,montrel kijan poul trete moun ki prel yo,apran li abraze papal,matant nan yon sans,moun ki pwòch li yo.
5.Amisman:Kreye tan pouw jwe ak timoun nan,konsa wap konnen gou ak abitid li yo,pa sèlman rete nan televisyon avèl ale nan pak tou se yon fason ki rapid epi pa chè pouw pase tan ak timoun nan.

6.Ansèyman:Sitou si se yon ti gason,apran yo respekte tout moun espesyalman ou menm ki manmanl ak tout lòt medam yo,paske edikasyon an kòmanse depi nan kay.
7. Aprann li fè ekonomi:Fèl kado ti monnen dil sere yo,apre lèw pral nan makèt avèl,mandel pou yo,sil ba ou yo dil dil sere yo toujou pouw ka achte nenpòt saw bezwen an demen,se depi piti poun kòmanse aprann fè kèk bagay si non demen ka gen konplikasyon.

8.Renmen tèt ou:Gen yon bagay ki di konsa siw pa pran swen tèt ou,lap difisil pouw pran swen pitit ou se pa manti,ou pral lagel sou kont Grann,janw pran swen tèt ou a konsa wap rive pran swen yon lòt,konsa wap yon egzanp pou timoun yo.
Gade pouw wè ki youn nan bagay sa yo ou toujou fè,si genyen ou fèb ladan yo ranfòse yo,benefis yo pap pou ou sèlman men pou timounn yo tou.Pa janm bliye ou se yon bon manman epi timoun ou yo renmenw konsa.