7 kòmandman anvan epi apre maryaj pou jou sa ka sòti pafè

Ide a se pa poun diw saw pa dwe fè nan jou maryaj ou men se pito konseyew pouw fè yo byen,epi nan yon ti tan anvan jou maryaj la pou siw pa jwenn rezilta ou tap rèt tann nan pou sa pa gate pi gwo jou espesyal nan viw la.

Saw pa dwe fè anvan maryaj la?

Pa pran solyèl 1 jou anvan maryaj la
Nou di sa pou moun ki pa janm rèt chita ki toujou ap bat pou yo sòti,yo pa janm kite moun regle anyen pou yo,oubyen moun ki gen yon koulè blanch ki ta renmen parèt yon ti jan jòn yo deside pran solyèl,oubyen pase frèz sou po yo pou jou espesyal sa,pou yo ka vin gen yon koulè mi,se byen tout bagay sa yo men se pa 1 jou anvan pouw deside fè bagay sa yo,yon mwa anvan ou ta sipoze fin regle mwens ti detay la jis ou rete lakay ou wap repoze pouw pa parèt fatige jou a,pa bliye se plis ou menm moun yo pral gade ou dwe bèl se yon obligasyon pouw bèl,ou menm ki deside pran solyèl,ou gen dwa vin yon lòt koulè ki pa menm koulè ou tap rèt tann nan ki ka fèw tris nan jou sa.
images (1)

Pigaw raze sousiw ni mèt koulè nan chechew 2 jou anvan maryaj la
Pwofesyonèl yo rekòmande pou yon moun fè travay sa yo 1 semèn anvan maryaj la,pou si sousi a ta sòti mal oubyen koulè a pa bay koulè ou te espere a,koulè cheve ak sousi a se bagay pou moun ki pral marye a dwe mete anpil prekosyon sou yo.

Pigaw pèdi tan ak manje anpil sodyòm 1 semèn anvan maryaj la
Li enpòtan anpil pou medam ki pral marye yo pa manje,manje ki gen anpil sèl,pòmdetè fri elatriye 1 semèn anvan maryaj la,sodyòm gen 50% nan dlo sa vle di enflamasyon ak likid,li pi bon siw manje sanlad,fri menm siw gen dwa pa kwè,siw fè sa tou wap parèt pi bèl nan rad ou a san vant,si kò a pa kenbe likid oubyen anfle ou ka rive pese 1 jiska 3 kilo mwens nan jou a.
arton5063-22119

Pa bliye ti bwat makiyaj ou
Sa se si makiyaj ou gate paske ou pral gen anpil moun ki pral salyew chak tan fòw fè yon pase poud ak fa,mande yon zanmi oubyen yon fanmi poul potel pou ou,konsa tèt ou ap frèt ou pap nan bezwen potel ou menm.

Fè efò pouw pa gate makiyaj ou
Nou paka evite kriye nan bèl seremoni sa,men nan moman pouw kenbe makiyaj la fòw gen yon ti mouchwa pouw ka siye zye w tou dousman,depozel kote dlo a ap sòti a lè konsa mouchwa ap bwè dlo a san makiyaj la pa gate,li enpòtan pouw chanje mouchwa poul pa retire kreyon ki anban zyew la.

Konsèy apre fin marye
Pigaw razew pou premye fwa tankou chòv anvan lin de myèl la
Li pa bon pouw fè sa paske konsekans lan se ou ki pral peyel,pral gen doulè,koulè wouj,iritasyon ki ka dire plizyè jou,li tap bon siw pa retire anpil plim si se premye fwa wap raze,ou fè sa pa ti pa,yon moun ta dwe raze 3 mwa anvan lin de myèl la,lè jou a rive wap jis fè yon pase men ki pap irite po a.
DEPILACION-DEFINITIVA-PIERNAS-1-baja3-1024x723

Nou espere atik kòmandman pou maryaj sa itil ou,yo gendwa parèt jwèt pou ou,kwè nou siw vle yo enpòtan anpil.konsa lè jou a rive wa evite yon maltèt.