5 rezon pou w pa “lòt la”

Nou envite w konnen 5 rezon ki fè li pa pi bon lide a
San angajman
Eske w poze tèt ou kezyon si moun sa ka rezoud pwoblèm ou?repons lan se non,ou byen wè poukisa li ak ou,siw gen pwoblèm eske l ka itilize oubyen chwazi bay manti pou rezoud li,oubyen pase yon nwit lopital ak ou siw malad,gen avantaj ou pap janm jwenn sitou lèw ap pi bezwen moun nan bò kotew li pap kap la,li paka pwomèt ou anyen,apre sa ou gendwa vin wè lap baw manti paske li pa respekte pwomes li,se pa sal te vle fè,men li difisil poul reponn ak gwo bezwen w yo ni baw tan janw vle a,se sove poul sove vin lakay ou,tout sa se risk.
Sante emosyonèl
Li pa gen kouraj poul montre kel li ak ou,menm sil ta yon koute lwen ak ou gen bagay li pap pran chans fè nan lari paske yo ka wè,wap kòmanse boulvèse paske ou vè viv yon lanmou nan fim,men ki enposib lèw se “lòt la” estrès ka anvayi w epi afekte sante emosyonèl ou.
Tout oubyen anyen
Se rès tan wap jwenn oubyen w pa jwenn anyen ditou,sa a se paske w pa gen yon relasyon lejitim
Sou kote
Ou paka bay tèt ou manti si wap jwe “lòt la” pa dil pran swen ke prensipal la,tout sa se pouw monte tèt ou devan zanmi,ou vo plis ke lò,anime w,se pa mennaj se jis yon relasyon sou kote.
Pale ak yon lòt moun sou sa
Siw gen yon moun ou fè konfyans,ou ka konfese l sitiyasyon,konsa wa santi w mwens estrese,konsa wa konnen lòt opinyon.