5 pi bon bwason natirèl pou doulè gaz

Gaz konsidere tankou maladi ki pi komen nan sistèm dijestif la.Si se vre nou tout te soufri l yon lè,gen moun ki soufri gaz kwonik,li limite kalite vi yon moun.
Kòm nou konnen nou tout ka soufri gaz,nou envite w bwè kèk ji natirèl kap ede w soulaje doulè a.
Pran nòt
1.Ji papay
Blende yon papay ki pa tèlman mi kapab soulaje doulè gaz,diminye enflamasyon nan vant ak doulè maladi ilsè bay
kijanw ka prepare bwason sa?
Mwatye yon ti papay ki pa twò mi
1 kiyè grenn koton
1 kiyè siwo myèl
1 vè dlo
Preparasyon
Li fasil pou prepare,kale papay la,koupe pa ti moso poul ka blende pi byen,mete grenn koton an nan dlo,apre pran dlo sa blende blende l ak tout rès engredyan yo,ak bwason sa ou pral jwenn soulajman nan doulè gaz kap nwiw yo.
1a Strawberry Sunrise Papaya
Pwa ak ji fig mi
Nou ka itilize fig mi ki pa fin mi paske l pi enèjik,tou de fwi sa yo gen anzim pou trete enflamasyon,si w gen yon ekperyans negatif ak fig mi pa bwè l,bwè sèl ji pwa,Chak kò inik epi se pa tout òganis ki santi menm bagay la.
Engredyan
Yon bannann ki pa twò mi
Yon pwa
1 vè dlo
Preparasyon
Blende tout engredyan sa yo ansanm
3. Dlo ak siwo myèl nan maten
Ou poko janm eseye remèd sa?li pap sèlman ede w ak doulè gaz,lap ranfòse sistèm iminitè nou,diminye enflamasyon, netwaye bakteri ak toksin nan kò a,ogmante enèji,netwaye aparèy dijestif la,amelyore fonksyon trip la epi detwi mikwo ki danjere nan òganis lan.
Engredyan
1 gwo kiyè siwo myèl
1 vè dlo
Preparasyon
Dlo a dwe cho,li pa bezwen twò cho,men pika li janm dlo frèt,nan tanperati sa a siwo myèl la pral fonn pi byen,lap pi efikas tou ak yon lestomak vid.
4. Dlo kokoye
Dlo kokoye gen pwopriyete kon bakteri ki pral ede n elimine eleman danjere nan sistèm dijestif la,anplis kap kenbe idrate pou yon tan,li bon anpil lè n gen doulè gaz.
5. Ji lalwa ak kawòt
Melanje ji sa yo ansanm ranfòse sistèm iminitè a,kont enflamasyon,soulaje doulè
Engredyan
1 gwo kiyè
1 kawòt
1 vè dlo
Preparasyon
Retire po lalwa pran yon kiyè,yon vè dlo ak yon kawòt blende tout ansanm
Bwè l anvan manje prensipal nan jounen an.